Émeric Bergeaud

Émeric Bergeaud, ki fèt an 1818 nan Okay (Ayiti) epi ki mouri 23 fevriye 1858 nan Saint-Thomas (Etazini), se yon ekriven ayisyen.

Émeric Bergeaud
Eta sivil
Dat nesans:1818
Lye nesans:Okay
Peyi nesans:Ayiti
dat lanmò : 23 fevriye 1858
Saint-Thomas (Etazini)
Nasyonalite : Ayisyen


Gade kouman pou ou konplete biyografi sa : biyografi

Li se otè premye woman ayisyen Stella.

Biyografi

Aprè lekòl segondè, Émeric Bergeaud vin sekretè nan tonton li, Jeneral Borgella ki te kòmandan nan awondisman Okay.

An 1848, li te depòte sou zile a, Sen Toma, pandan soulèvman a kont Faustin Soulouque ki vle yo pwoklame li anperè. Li te ekri pandan egzil li a, woman li Stella ki pral premye woman ekri ak pibliye ann Ayiti. Stella se yon woman istorik ki di yon epizòd de lit pou endepandans.

Nan lane 1857, lè li te ale nan Pari pou geri sante li, li konfye kouzen li Beaubrun Ardouin maniskri a Stella.

Sou 23 fevriye 1858, aprè retounen zile a, nan St Thomas, Émeric Bergeaud mouri akòz yon maladi.

Beaubrun Ardouin te fè edite Stella an 1859.

Zèv li yo

  • 1859 ː Stella (woman istorik)

Bibliyografi

  • Hoffmann, Léon-François. Essays on Haitian Literature, Washington, DC: Three Continents, 1984.

Referans

    Lyen deyò

    This article is issued from Wikipedia. The text is licensed under Creative Commons - Attribution - Sharealike. Additional terms may apply for the media files.