Henock Trouillot

Henock Trouillot, ki fèt 19 janvye 1923 nan Pòtoprens (Ayiti) epi ki mouri 13 septanm 1988, se yon ekriven ak istoryen ayisyen.

al gade paj ki genyen lis atik menm non yo.
Henock Trouillot
Fonksyon:Ekriven, istoryen
Domèn:Literati, istwa
Eta sivil
Dat nesans:19 janvye 1923
Lye nesans:Pòtoprens
Peyi nesans:Ayiti
dat lanmò : 13 septanm 1988
()
Nasyonalite : Ayisyen


Gade kouman pou ou konplete biyografi sa : biyografi

Biyografi

Li te tonton Michel-Rolph Trouillot, akademik ak antwopològ, Lyonel Trouillot, ekriven ak powèt, Jocelyne Trouillot, otè liv edikasyonèl ak literati timoun yo ak Évelyne Trouillot, womansyè, ekriven ak powèt.

Li etidye nan kolèj Sen Masyal epi li te ale etidye dwa. Li te pwofesè nan lekòl militè ak nan lekòl nòmal. Li te vin direktè Achiv Nasyonal. Li te editè "Revue de la Société d'Histoire, de Géographie et de Géologie d'Haïti. Li ekri pyès teyat, esè, biyografi, liv istwa, liv relijyon.

Zèv li yo

Kèk zèv enpòtan :

  • 1950 : Beaubrun Ardouin : l'homme politique et l'historien, Pòtoprens, Instituto Panamericano de Geografia e Historia, Comision de Historia, 54 paj.
  • 1954 : Historiographie d'Haïti (avèk Catts Pressoir, Ernst Trouillot)
  • 1955 : La Condition des Nègres Domestiques à Saint-Domingue, Pòtoprens, Impr. de l'État
  • 1962 : Les origines sociales de la littérature haïtienne, Pòtoprens, Impr. N.A. Theodore, 376 paj
  • 1965 : Economie et Finances de Saint-Domingue
  • 1967 : La Vengeance du Mapou, Pòtoprens, Impr. des Antilles
  • 1967 : Dessalines ou le sang du Pont-Rouge (teyat), Pòtoprens, Impr. des Antilles
  • 1970 : Introduction à une histoire du Vodou
  • 1971 : Lumumba, cette lumière (Trajedi afriken), Pòtoprens, Impr. des Antilles
  • 1974 : Le Gouvernement du Roi Henri Christophe

Referans

    Lyen deyò

    This article is issued from Wikipedia. The text is licensed under Creative Commons - Attribution - Sharealike. Additional terms may apply for the media files.