Ignace Nau
Ignace Nau, ki fèt 15 jiyè 1808 nan Pòtoprens epi ki mouri an 1845 nan Leyogàn), se yon ekriven, womansye, powèt ayisyen.
| Ignace Nau |
![]() |
| Eta sivil |
|---|
| Dat nesans:15 jiyè 1808 |
| Lye nesans:Pòtoprens |
| Peyi nesans:Ayiti |
| dat lanmò : 1845 Leyogàn (Ayiti) |
| Nasyonalite : ayisyen |
Zèv enpòtan:
|
| Kèk not Li pibliye yon jounal rele "Le Républicain" ke gouvènman an fèmen mè li kontinye kan menm sou non "L'Union" an |
Gade kouman pou ou konplete biyografi sa : biyografi |
Biyografi
Ignace Nau (1808 - 1845) se yon powèt ayisyen ak womansye. Li fèt nan Pòtoprens; Nau etidye nan lekòl militè an Ayiti anvan l ale nan inivèsite Nouyòk (New York) ke yo rele "the Catholic University of New York" (Inivèsite katolik Nouyòk). Lè li tounen nan peyi l, Nau fonde yon asosyasyon literè ki rele "Ecole de 1836" ak frè l, Emile Nau, ak frè Ardouin yo, Beaubrun, Céligny, epi Coriolan. Ignace Nau pibliye yon jounal rele "Le Républicain" ke gouvènman an fèmen mè li kontinye kan menm sou non L'Union an.
- 1808 : Nesans Pòtoprens
- 1836 : Nau fonde yon asosyasyon literè "Ecole de 1836"
- 1845 : Ignace Nau mouri
Zèv li yo
- Dessalines
- Le tchit et l'orage
- La dalle
- Les Pipirites
- Basses Pyrénées
- Le Livre de Marie (pwezi)
- Pensées du Soir (pwezi)
- Le Lambi (kont)[1]
- Épisode de la Révolution (woman istorik ak kont fantastik)
- Isalina (kont)
Referans
- lenouvelliste.com, ed. (13 janvye 2015). « Ignace Nau, premier lodyanseur de la littérature haïtienne ». Archived from the original on 2020-10-24. Retrieved 7 jiyè 2018.
Lyen deyò
- Biyografi Ignace Nau sou ile.en.ile
This article is issued from Wikipedia. The text is licensed under Creative Commons - Attribution - Sharealike. Additional terms may apply for the media files.
