Jean-Claude Charles

Jean-Claude Charles, ki fèt 20 oktòb 1949 nan Pòtoprens (Ayiti) epi ki mouri 7 me 2008 nan Pari (Frans), se yon ekriven ayisyen.

Jean-Claude Charles
Fonksyon:ekriven
Domèn:literati
Eta sivil
Dat nesans:20 oktòb 1949
Lye nesans:Pòtoprens
Peyi nesans:Ayiti
dat lanmò : 7 me 2008
Pari (Frans)
Nasyonalite : Ayisyen


Gade kouman pou ou konplete biyografi sa : biyografi

Biyografi

A laj 21 an li enskri nan Fakilte Medsin nan Guadalajara (Meksik), men li abandone etid li byen bonè pou rantre nan Etazini.

Apre, li te ale an Frans kote li te jwenn yon diplòm nan jounalis ak teknoloji enfòmasyon nan École Supérieure de Journalisme Estrasbou ak yon metriz nan Inivèsite Pari nan Depatman Syans ak Etid Teknoloji.

Tankou yon jounalis nan Pari, Jean-Claude Charles kolabore pou yon tan long nan jounal "Le Monde" avèk istwa vwayaj. Powèt, romansye, senaris, rejisè ak otè dokimantè televizyon , li te tou yon pwodiktè nan seri radyo (France Culture). Soti 2003 rive 2006, li ekri yon kwonik nan "Haiti Tribune".

Jean-Claude Charles pataje tan li ant Nouyòk ak Pari.

Pou selebre lavi li ak zèv li, pèsonalite ak zanmi rasanble nan Pari, Pòtoprens, Nouyòk ak Bwouklin.

Zèv li yo

Pwezi

  • 1972 ː Négociations. Paris: P.J. Oswald, 1972; Montréal: edisyon Mémoire d’encrier
  • 1998 ː Free 1977-1997. Sapriphage (numéro spécial Jean-Claude Charles) 33

Tiraj limite

  • 1990 ː 5 + 1 Lettres à Elvire (powèm vlope nan yon litografi orijinal pa Télémaque). Jenèv : Les Yeux Ouverts, 1990.
  • 1990 ː Sur des portraits d’amateurs (tèks yon seri fotografik «Jazz» pa Patrick Bard). Pari : L’Échiquier d’Art, 1990.

Woman

  • 1977 ː Sainte dérive des cochons. Monreyal : Nouvelle Optique, 1977; Monreyal : Mémoire d’encrier, 2018.
  • 1984 ː Bamboola Bamboche. Paris: Barrault, 1984; Pòtoprens : Presses Nationales d’Haïti, 2007; Monreyal : Mémoire d’encrier, 2016.
  • 1985 ː Manhattan Blues. Paris: Barrault, 1985; Monreyal : Mémoire d’encrier, 2015.
  • 1987 ː Ferdinand je suis à Paris. Pari : Barrault, 1987; Monreyal : Mémoire d’encrier, 2021.

Nouvèl

  • 1996 ː Le retour de Maître Misère. Les treize morts d’Albert Ayler. Pari : edisyon Gallimard, 1996.

Esè

  • 1980 ː Le Corps noir. Paris: Hachette / P.O.L., 1980; Monreyal : Mémoire d’encrier, 2017.
  • 1982 ː De si jolies petites plages. Pari: Stock, 1982; Monreyal : Mémoire d’encrier, 2016.
  • 1999 ː Quelle fiction faire ? Que faire ? ; notes sur la question littéraire haïtienne. Pòtoprens : edisyon Mémoire d’encrier, 1999.
  • 2018 ː Baskets. Monreyal: Mémoire d’encrier, 2018.

Referans

This article is issued from Wikipedia. The text is licensed under Creative Commons - Attribution - Sharealike. Additional terms may apply for the media files.