Juste Chanlatte
Juste Chanlatte, ki fèt nan lane 1766 nan Jakmèl (Ayiti) epi ki mouri an 1828, se yon ekriven, jounalis ak otè pyès teyat ayisyen.
| Juste Chanlatte |
![]() |
| Fonksyon:Ekriven, jounalis ak otè pyès teyat |
| Domèn:Literati, pwezi |
| Eta sivil |
|---|
| Dat nesans:1766 |
| Lye nesans:Jakmèl |
| Peyi nesans:Ayiti |
| dat lanmò : 1828 () |
| Nasyonalite : ayisyen |
Gade kouman pou ou konplete biyografi sa : biyografi |
Biyografi
Juste Chanlatte etidye nan Pari (Frans) nan Collège Louis-le-Grand. Lè li retounen nan peyi li, li vin kwonikè ofisyèl anprè Jean-Jacques Dessalines. Lè anprè a mouri li al bay Henri Christophe sèvis li. Pandan tout rèy Cristophe li rete nan nò Dayiti. Aprè sa a li al nan pati repibliken kote li vin redaktè Telegraf ki se jounal ofisyèl sou gouvènman Jean-Pierre Boyer.
Li ekri 2 pyès teyat : youn ki dramatik ki se Nehri (anagram Henri) epi La Partie de chasse du roy. Nan jounal Télégraphe li ekri Ode à l'Indépendance, Cantate à l'Indépendance (1821) epi La Triple Palme ou Ode à Boyer ki gen plis pase 400 vè.
Li te yon bon vèsifikatè.
Zèv li yo
- Ode à l'Indépendance
- Nehri (pyès teyat)
- La Partie de chasse du roy (pyès teyat)
- La Triple Palme ou Ode à Boyer (pwezi)
- Ekstrè Ode à l'Indépendance
- Dans ton variable contour
- En ton inégal ministère,
- Toi, de l'amour et de sa cour
- Trop paresseuse avant-courrière
Referans
Lyen deyò
- Juste Chanlatte sou bnf.fr
