Penti
Yo rele penti matyè oswa aktivite ki pèmèt yon moun mete koulè sou yon sipò tankou papye, twal, bwa, vè, beton ak lòt sipò ankò.
_%D0%B4%D1%8C%D0%B0%D1%85%D1%82%D0%B0%D1%80.JPG.webp)
Nan domèn atistik, yo rele penti yon la (ativite) pi pèmèt yon moun (atis) mete koulè nan yon konpozisyon li fè ak yon desen. Nan sans sa a, atis pent la itilize penti a kòm yon mwayen pou li reprezante yon sijè jan li santi li.
Penti a gendwa yon penti natiralis, figiratif oswa abstrè. Sans li gendwa literal, deskriptif, senbolik, espirityèl oubyen filozofik.
Mouvman atistik
Yo rele mouvman atistik yon fason yon bann atis penn. Yon atis ka adopte yon mouvman swa paske li ap viv nan epòk mouvman an fèt li, oswa paske jan li penn nan sanble ak mouvman sa a.
Tout pandan siyèk yo ap pase, yon bann mouvan atistik vin parèt :
Tèm
Nan domèn penti, kou wè nan tout fòm atistik, gen yon bann tèm yo penn :
- pòtrè ak otopòtrè
- nati mòt
- ni
- penti animalye
- peyizaj
- marin
- penti istorik
- sèn de jan
- penti relijye
- penti mitolojik oswa penti pwofàn


