Raynaldo Pierre-Louis


Raynaldo Pierre-Louis, ki fèt 7 desanm 1990 nan Jakmèl, nan sidès Ayiti, se yon powèt ayisyen, pwofesè.

Raynaldo Pierre-Louis
Fonksyon:powèt, ekriven
Domèn:literati, pwezi
Eta sivil
Dat nesans:7 desanm 1990
Lye nesans:Jakmèl
Peyi nesans:Ayiti
Nasyonalite : ayisyen


Gade kouman pou ou konplete biyografi sa : biyografi

Biyografi

Raynaldo Pierre-Louis te fèt 7 desanm 1990 nan Jakmèl, nan sidès Ayiti. Li te pèdi manman li an 1994 ak papa li an 2003. Redaktè an chèf Plimay,[1] li ekri an fransè, kreyòl ak panyòl e zèv li yo pibliye an Frans ak Ayiti. Avèk powèm li ki gen tit Le vent exotique de l’outre-mer, Li te resevwa yon pri nan konkou "Premio Mondyal Poesia Nosside" nan lane 2014. An 2017, li te ganyen konkou an pwezi ki te òganize an Frans pa Association des Ecrivains de Provence. Raynaldo Pierre-Louis kontribye kòm otè nan Anthologie Poétique de l’Amérique "Chamote, una amalgama de voces de nuestra América", pibliye sou direksyon powèt-editè ajanten Gito Minore[2] ak nimewo 1 nan BAOBAB  : Revue des Changes du Monde Noir. Li te kontribiye tou nan jounal sou entènèt tankou Le Capital des mots, Potomitan, ak revi dominikèn País Cultural. Estetik li nan Astéroïdes Fulgurants rejwenn sa Rémy Goumond, ak Clément Magloire Sainte Aude.[3]

Zèv li yo

  • 2013 : Kaléidoscope de Couleurs Fauves, Edilivre
  • 2014 : La Seltesse de ma Danse, edisyon La Perle Noire
  • 2014 : Sur les ailes de Pégase, edisyon Vagues, 2014, edisyon Pont de l’Europe, 2015
  • 2015 : El viento exótico de Ultramar, kont otè
  • 2015 : Un Regard vers l’Orient, edisyon Pont de l’Europe, 2015.
  • 2018 : Astéroïdes Fulgurants, edisyon Pont de l’Europe, 2018[4]

Referans

Lyen deyò

This article is issued from Wikipedia. The text is licensed under Creative Commons - Attribution - Sharealike. Additional terms may apply for the media files.