Tomonn (komin)
Tomonn se yon vil nan peyi Ayiti. Komin sa a se nan awondisman Ench.
Jewografi
- Altitid: 273 mèt
- Sipèfisi: 359, 91 kilomèt kare
Istwa
Vil Tomonn nan te fonde an 1930 pandan okipasyon amerikèn nan. Ansyen non Tomonn se Cabral. Li gen yon pozisyon jerografik estratejik pandan 25 lane. François Duvalier rive nan pouvwa an 1957 se le sa Tomonn konnen premye administratè ki rele Mesye Sauveur Benjamin pwofesyon li se Apantè. Li se dènye moun yo te fè konfyans kòm administrasyon kominal pandan tout manda prezidan François Duvalier e li te nome kòm premye sekretè nan ofisye leta. Dezyèm ofisye minisipal la se Mesye Clébert Charlot, li te soti Mibalè.
Administrasyon
Komin Tomond lan genyen 4 seksyon kominal:
- Kabral
- Tè Mouskadil
- Bay Tourib
- Laòy
Seksyon kominal pi piti nan divizyon administrasyon dayiti a, li gere yon konsey administrasyon eli pou 4 lane ki se( CASEC) ki nan plizyè lokalite nan komin Tomond lan Takou: ba Tomond, Benèch,Ladora, Sèka, Savann Kajou, Jan Jilèt, Biton, Lwa masous, Dlo kare, Salmadè, Bigay, Bènako, Marekaj Boukantis, Savann long, Kay epen epi Gwayab yo se ti lokalite distans antre yo mezire 3 kilomèt.Pawas sa dirije pa yon Kire ki rele" Evek Ench". Depi 15 lane anviron Tomond se yon sikonskripsyon ki reprezante pa yon asanble nasyonal se depite Enel Apollon oubyen Mesye Apollon ki dirije l, epi li te deja depite sikonskripsyon sa a nan yon dezyèm manda sou Prezidan Renè Garcia PREVAL, avek konstriksyon wout nasyonal nimero 3 Tomond te avanse ak teknoloji sa. Touswit tantativ asasina laprès la kote ajan egzekitif enterimè Mesye Jean Souverne Delva pwente dwèt li nan lajistis, komin nan te sou titèl delegasyon depatmantal la. Men se mesye "Mathéus BERNADEAU ki t'ap jerel, li te eli nan eleksyon yo te konteste nan dat kite 25 out 2015 lan. Ministè lajistis la te reprezante pa Mèt " Maittre Wilfrid Larivière e li te Jij titilè nan tribinal la.
Ekonomi
Komin Tomonn gen anpil fwi tankou; mango, Zaboka, grenad epi sitron. Yo plante tabak, Arachnid, kafe, mayi, bananye epi kann.
Daprè analiz yo fè nan sòl la , komin Tomond rich ak anpil Idrokabi ak abrit ni gizman iranyòm e rivyè Tomond lan rich ak anpil ajil.
Akoz yo koupe anpil pyebwa plant yo pa donnen anko, pa genyen tabak ditou, men nan dezye seksyon kominal la se Tè mouskadil.
Yo Transfòme yon konpayi tabak nan pòtoprens. Se jou Jedi ki gen mache piblik men, mache a ouvri nan lòt jou yo nan semèn nan.
Pi gran mache nan depatman se nan Kas, li sitiye nan katrièm seksyon kominal (Hoye) toupre Laskawobas, se jou Lendi ki gen mache
Men kòmèsan yo soti nan kapital Repiblik dominikèn nan, gen sa ki soti anba plato ni anwo plato pou yo fè echanj ekonomik.
Relijyoɲ
Majorite nan moun Tomonn yo se Katolik, kwayans yo se nan komin nan, gen nan yo ki vodouyizan, gen yon pati ki pwotestan tankou Wesleyèn , batis.
Advantis, Pannkotis ak Temwen Jewova.
Tranblemanntè 12 Janvye 2010
Tomonn pat frape nan tranblemanntè a, ni yo pat viktim nan dezas natirèl sa men, yo te sibi anpil konsekans paske anpil moun ki tap viv Tomonn t ap viv Pòtoprens yte mouri kite anpil timoun san manman oubyen san papa e gen paran kite gen pitit yo mouri tou.